Tèm ak kondisyon
Dat li kòmanse aplike: 31 jiyè 2019
Dènye mizajou: 28 jiyè 2026
Byenveni sou www.dlarsonlaw.com (“Sit la”). Se Larson Law, yon kabinè avoka domaj kòpòrèl nan Massachusetts (“nou”), ki mèt sit la epi ki jere l. Lè w antre sou Sit sa a oswa lè w itilize l, ou dakò pou w respekte Tèm ak kondisyon ki anba yo. Si w pa dakò ak tèm sa yo, pa itilize sit entènèt nou an.
1. Ou aksepte tèm yo
Lè w antre sou sit entènèt Larson Law Boston nan dlarsonlaw.com (“Sit la”) epi w itilize l, ou dakò pou w respekte Tèm itilizasyon sa yo. Si w pa dakò ak tèm sa yo, pa itilize Sit la.
2. Piblisite avoka
Sit entènèt sa a se piblisite avoka. Enfòmasyon ki sou Sit sa a se pou enfòmasyon jeneral sèlman, li pa konsèy legal. Rezilta nan tan pase yo pa garanti yon rezilta menm jan an.
3. Pa gen relasyon avoka ak kliyan
Lè w itilize Sit sa a, sa pa kreye yon relasyon avoka ak kliyan.
Lè w kominike avè nou sou Sit sa a, tankou ak fòm kontak, chat oswa imèl, sa pa kreye yon relasyon avoka ak kliyan. Yon relasyon avoka ak kliyan ofisyèl kòmanse sèlman apre nou siyen yon kontra angajman alekri.
4. Pou enfòmasyon sèlman
Kontni ki sou Sit sa a, tankou tout atik blog, atik ak enfòmasyon legal, se pou enfòmasyon jeneral ak edikasyon sèlman. Li pa fèt pou sèvi kòm konsèy legal pou okenn sitiyasyon espesyal, e ou pa dwe konprann li konsa. Lwa yo chanje selon eta a, jiridiksyon an ak sikonstans yo. Pou konsèy sou pwoblèm legal pa w, konsilte yon avoka kalifye ki gen lisans nan jiridiksyon kote w ye a.
5. Pa gen konsèy legal
Kontni ki sou Sit sa a se pou enfòmasyon sèlman, li pa konsèy legal.
Pa pran anyen ki sou Sit sa a kòm konsèy legal, epi pa itilize l pou ranplase konsèy yon avoka. Pa aji, ni pa evite aji, akoz yon bagay ki sou Sit sa a san w pa konsilte yon avoka kalifye anvan.
6. Enfòmasyon prive ak sa w voye nou
Pa voye enfòmasyon konfidansyèl, enfòmasyon prive biznis oswa enfòmasyon sansib sou Sit la toutotan ou poko siyen kòm kliyan kabinè a. Menm si nou pran tout kominikasyon oserye epi nou kenbe yo konfidansyèl otan nou kapab, lè w voye enfòmasyon nou pa t mande, sa pa kreye okenn obligasyon pou nou kenbe l sekrè ni pou nou reprezante w.
7. Itilizasyon kontni sit la
Tout kontni ki sou Sit sa a, tankou tèks, grafik, logo, videyo, imaj, atik blog, resous legal ak konsepsyon, se pwopriyete entelektyèl Larson Law oswa moun ki ba li lisans. Lwa sou dwa otè, lwa sou mak komèsyal ak lòt lwa ki aplike pwoteje yo.
Ou pa gen dwa:
Kopye, repwodui, repiblye, telechaje, poste, voye oswa distribye kontni Sit sa a san nou pa ba w pèmisyon alekri anvan
Chanje materyèl Sit la oswa fè lòt travay ak yo
Itilize kontni nou pou fè komès, oswa yon fason ki fè moun kwè nou se patnè legal ou, nou apiye w oswa nou gen lyen avè w
Nou ba w yon lisans limite, ki pa eksklizif e ou pa ka bay lòt moun, pou w antre sou Sit la epi itilize l pou bezwen pèsonèl ou, pa pou fè komès.
8. Jan pou w konpòte w sou sit la
Lè w itilize Sit sa a, ou dakò pou w pa:
Itilize Sit la yon fason ki kont lalwa oswa pou yon bi ki kont lalwa
Eseye antre nan sistèm nou yo san otorizasyon oswa deranje jan Sit la mache
Voye viris, malwa oswa nenpòt kòd ki ka fè domaj
Itilize zouti otomatik pou antre sou Sit la oswa pou ranmase kontni l
Poste oswa voye nenpòt materyèl ki menase moun, ki sal repitasyon moun, ki obsèn oswa ki pa akseptab yon lòt fason
9. Lyen ki mennen sou lòt sit
Sit sa a ka gen lyen ki mennen sou sit entènèt lòt moun, pou fasilite w. Nou pa kontwole sit sa yo, nou pa apiye yo, epi nou pa responsab kontni yo, si yo disponib oswa jan yo trete enfòmasyon prive. Si w ale sou sit lòt moun, se ou ki pran risk la.
10. Pa gen garanti rezilta
Tout temwayaj, rezilta ka oswa egzanp ki sou Sit la se egzanp sèlman, epi yo pa garanti rezilta pou lavni. Chak ka legal diferan, epi rezilta yo ap chanje selon fè yo, jiridiksyon an ak lwa ki aplike.
11. Limit jiridiksyon
Larson Law Boston gen lisans pou pratike dwa nan Commonwealth of Massachusetts. Pa konprann anyen ki sou Sit sa a kòm yon òf pou reprezante kliyan nan okenn jiridiksyon kote kabinè a pa gen lisans pou pratike.
12. Pwopriyete entelektyèl
Tout kontni ki sou Sit sa a, tankou tèks, grafik, logo ak imaj, se pwopriyete Larson Law Boston, epi lwa sou dwa otè ak mak komèsyal ki aplike pwoteje yo. Ou pa gen dwa repwodui, distribye oswa itilize okenn kontni Sit sa a san pèmisyon alekri anvan.
13. Nou pa bay garanti
Nou mete Sit la disponib “jan li ye a” epi “lè li disponib.”
Nou pa bay okenn garanti ni deklarasyon, ni klè ni sou-entandi, sou:
Si kontni Sit la egzak, serye oswa konplè
Si Sit la disponib, an sekirite oswa si l mache san koupe
Si Sit la bon pou vann, si l bon pou yon bi espesyal, oswa si l pa vyole dwa lòt moun
Se ou menm ki responsab nèt pou jan w itilize Sit la ak pou konfyans ou mete nan kontni l.
14. Limit responsabilite
Otan lalwa pèmèt, Larson Law, avoka l yo, anplwaye l yo oswa moun ki asosye ak li pa p responsab pou okenn domaj ki soti nan jan w itilize Sit la, oswa paske w pa t ka itilize Sit la oswa kontni ki ladan l. Sa gen ladan domaj dirèk, endirèk, akseswa, domaj ki vin apre, domaj espesyal oswa domaj pou pini (punitive damages).
15. Ou pran chay pèt yo
Ou dakò pou w defann Larson Law, avoka l yo, anplwaye l yo, kontraktè l yo ak moun ki asosye ak li, pou w pa kite yo pran pèt, epi pou w peye pou yo (indemnify) kont nenpòt reklamasyon, pèt, responsabilite, domaj, frè oswa depans (tankou frè avoka ki rezonab) ki soti nan jan w itilize Sit la, nan vyolasyon w fè sou Tèm sa yo, oswa nan vyolasyon w fè sou nenpòt dwa pwopriyete entelektyèl oswa lòt dwa.
16. Jiridiksyon ak lwa ki aplike
Lwa Commonwealth of Massachusetts yo gouvène Tèm sa yo, epi se dapre lwa sa yo pou yo konprann yo, san konte règ sou konfli ant lwa.
Lè w itilize Sit sa a, ou dakò pou w aksepte jiridiksyon eksklizif tribinal eta a ak tribinal federal ki nan Suffolk County, Massachusetts pou nenpòt diskisyon legal ki soti nan Sit sa a oswa nan Tèm sa yo, oswa ki gen rapò ak yo.
17. Nou respekte règ etik yo
Nou fè efò pou nou respekte tout règ konduit pwofesyonèl ki aplike, tankou Massachusetts Rules of Professional Conduct ak nenpòt limit sou piblisite ki aplike. Sit sa a pa fèt pou chèche kliyan nan okenn jiridiksyon kote sa ta konsidere kòm pa etik oswa kont lalwa.
18. Chanjman nan Tèm sa yo
Nou gen dwa chanje Tèm sa yo oswa mete yo ajou nenpòt lè. N ap poste chanjman yo sou paj sa a ak yon nouvo dat aplikasyon. Si w kontinye itilize Sit la apre chanjman sa yo, sa vle di ou aksepte Tèm ki chanje yo.
19. Enfòmasyon pou kontakte nou
Si w gen kesyon sou Tèm ak kondisyon sa yo oswa si w vle rapòte yon pwoblèm, kontakte nou nan:
Larson Law
12 Ericsson Street #201
Boston, MA 02122
📧 dan@dlarsonlaw.com
📞 (508) 888-8888
